Depatman Sante ak Sèvis Sosyal (HHS) te pibliye yon pwopozisyon règ pou fè pwogrese ekite ak ranfòse pwoteksyon pou moun ki gen andikap. Pwopozisyon règ la, Diskriminasyon sou Baz Andikap nan Pwogram oswa Aktivite sante ak Sèvis Sosyal yo, mete ajou, klarifye, ak ranfòse règleman ki an aplikasyon pou Seksyon 504 la nan Lwa 1973 la sou Reyabilitasyon an (Seksyon 504), lwa ki entèdi diskriminasyon kont moun ki otreman kalifye sou baz andikap nan pwogram ak aktivite ki resevwa asistans finansye federal oswa yon ajans federal fè.
Pwopozisyon règ istorik la bay pwoteksyon dwa sivil solid pou moun ki andikape nan pwogram sante ak sèvis sosyal ki finanse federalman. Li fè pwogrese pwomès Lwa sou Reyabilitasyon an epi li ede asire moun ki andikape yo pa sibi diskriminasyon nan okenn pwogram oswa aktivite k ap resevwa finansman nan men HHS jis paske yo gen yon andikap. Pwopozisyon etablisman règ sa a koyeran avèk tèks legal Seksyon 504 lan, entansyon Kongrè a, presedan legal, ak priyorite Administrasyon Biden-Harris la pou fè pwogrese ekite ak dwa sivil yo epi pwoteje aksè ameriken yo ak pwogram epi aktivite swen sante ak sèvis sosyal.
Pandan Depatman an ap antreprann règlemantasyon sa a, règleman aktyèl la anvigè. Si w kwè ou menm oswa yon lòt pati yo te sibi diskriminasyon sou baz andikap, vizite pòtay Biwo pou Dwa Sivil yo (OCR) la, https://ocrportal.hhs.gov/ocr/smartscreen/main.jsf pou depoze yon plent sou entènèt.
Rezime Pwopozisyon Règ la
Klarifye aplikasyon Seksyon 504 la ak plizyè domèn kritik.
Pwopozisyon règ la mete ajou règlemantasyon Seksyon 504 aktyèl yo pou klarifye plizyè domèn enpòtan ki pa t abòde nan yon fason klè nan règ sa a:
- Tretman medikal. Seksyon sa a abòde diskriminasyon jeneralize aktyèl la sou baz andikap pou jwenn aksè ak swen medikal, sa ki mennen nan diferans sante enpòtan ak rezilta sante ki pi fèb pou moun ki gen andikap yo. Nou ka jwenn modèl diskriminasyon sa a nan yon gran varyete kontèks tankou transplantasyon ògàn, tretman pou kenbe lavi, nòm swen pandan kriz ki deklanche lè resous yo limite, ak patisipasyon nan rechèch klinik. Pwopozisyon règ la asire antite ki resevwa asistans finansye federal yo nan men Depatman an ("benefisyè yo") pran desizyon sou tretman medikal yo pa baze sou prejije oswa kliche sou moun ki gen andikap, jijman ki lese konprann yon moun pral yon chay pou lòt moun, oswa kwayans ki di lavi yon moun ki gen yon andikap gen mwens valè pase lavi yon moun ki pa gen andikap.
- Metòd evalyasyon valè yo. Metòd evalyasyon valè yo ka jwe yon wòl enpòtan nan detèmine si yo pral bay yon entèvansyon anpatikilye tankou yon medikaman oswa tretman ak nan ki sikonstans. Yo se yon zouti deplizanpli enpòtan pou kenbe pri ak jefò amelyorasyon kalite. Metòd evalyasyon valè yo gendwa fè diskriminasyon kont moun ki gen andikap yo lè yo bay yon valè ki mwens nan pwolongasyon lavi pou moun ki gen andikap yo lè yo itilize metòd sa a pou limite aksè oswa refize èd, avantaj oswa sèvis yo. Pwopozisyon règ la entèdi itilizasyon diskriminatwa metòd sa yo.
- Pwogram ak aktivite byennèt yo pou timoun. Timoun yo, paran yo, responsab swen yo, paran adoptif yo, ak potansyèl paran yo gendwa rankontre yon pakèt baryè diskriminatwa lè yo ap aksede ak pwogram epi aktivite byennèt esansyèl pou timoun yo ki fèt pou pwoteje timoun yo ak ranfòse fanmi yo. Seksyon sa a tabli egzijans detaye yo pou asire pa gen diskriminasyon nan yon pakèt domèn tankou vizit paran-pitit, sèvis reyinifikasyon, ranvwa timoun ak plasman timoun, gadyen legal, pwogram konpetans paran, evalyasyon paran akèy ak adoptif, epi nan sèvis adomisil ak andeyò lakay.
- Aksebilite ak entènèt epi mobil. Pandan teknoloji ap vin yon fason ki pi elaji pou bay pwogram ak aktivite sante ak sèvis sosyal, sitou atravè sit entènèt, aplikasyon, ak kyòs pou bay pwòp tèt ou sèvis, li enpòtan anpil pou asire kontni entènèt ak aplikasyon mobil yo fasilman aksesib e moun ki gen andikap yo ka itilize yo. Pwopozisyon règ la defini kisa aksesibilite vle di pou aplikasyon sou entènèt ak mobil yo epi li tabli nòm teknik presi pou konfòmite ak Seksyon 504 la, lè l sèvi avèk menm nòm yo nan yon pwopozisyon règ ki resan nan Depatman Jistis sou non Tit II Lwa pou ameriken andikape yo.
- Ekipman medikal ki aksesib. Moun ki gen andikap yo kontinye rankontre baryè pou jwenn aksè ak swen medikal akòz ekipman medikal ki pa aksesib. Baryè tankou tab egzamen wotè an pa reglab, machin mamografi ki egzije yon moun pou l kanpe, ak balans pou pwa ki pa adapte ak chèz woulant lakòz inegalite ak esklizyon nan sèvis sante debaz pou moun ki gen andikap yo, sa ki kontribye nan move rezilta sante. Pwopozisyon règ la etabli nòm ki aplike yo pou ekipman dyagnostik medikal ki aksesib, yon etap enpòtan e konkrè nan abòde diferans nan sante moun ki gen andikap yo. Li egzije tou pou nan espas dezan ki vini apre dat règ la antre anvigè an, moun k ap itilize yon tab egzamen nan pwogram oswa aktivite yo genyen omwen yon tab egzamen ki aksesib, epi moun k ap itilize yon balans pou pwa nan pwogram oswa aktivite yo genyen omwen yon balans pou pwa ki aksesib.
- Entegrasyon. Règlemantasyon Seksyon 504 ki egziste an egzije pou yo administre pwogram ak aktivite yo nan anviwònman ki pi entegre ki apwopriye an ak bezwen moun ki gen andikap la. Pwopozisyon règ la entegre prensip ki reflete langaj yo ki tabli atravè Tribinal Siprèm lan ak lòt desizyon tribinal ki enpòtan ki egzije pou yo bay moun ki andikape sèvis nan kominote a lè sèvis sa yo apwopriye, moun ki afekte yo pa opoze ak tretman kominotè a, epi mete yo nan yon anviwònman kominotè kapab adapte nan yon fason ki rezonab. Pwopozisyon règ la pral ede benefisyè yo pi byen konprann epi respekte obligasyon yo nan kad Seksyon 504 la epi bay plis detay sou dwa pou yo resevwa sèvis nan anviwònman ki pi entegre ki apwopriye an pou moun ki andikape yo.
Amelyore koerans ak gwo devlopman jidisyè ak lejislatif ki gen ladan Lwa Ameriken andikape yo.
Règ yo pwopoze a enkòpore chanjman ki nesesè pou reflete amandman nan Seksyon 504, pwomilgasyon Lwa Ameriken andikape yo (ADA), ak jirispridans enpòtan. Pifò moun k'ap resevwa HHS yo te kouvri pa ADA depi 1991. Nouvo seksyon yo ajoute pou asire koerans yo se:
- Sèvis Bèt: Resipyan yo dwe otorize itilizasyon chen drese ki fè sèvis eksepte anba sèten sikonstans.
- Antretyen karakteristik aksesib yo: Plas ak ekipman nesesè ki pou aksesib a moun andikape yo dwe kenbe nan yon kondisyon fonksyonab.
- Sèvis ak aparèy pèsonèl yo: Sèvis ak aparèy pèsonèl yo pa obligatwa sof si yo konn abitye bay moun ki pa andikape yo.
- Aparèy pou mobilite: resipyan yo dwe pèmèt moun yo sèvi ak aparèy mobilite ki mache alamen, tankou chèz woulant nan zòn ki louvri pou pyeton yo ak aparèy mobilite ki gen kouran anba sèten sikonstans.
- Kominikasyon yo: Resipyan yo dwe asire kominikasyon efikas ak moun ki gen pwoblèm tande, vizyon, ak twoub lapawòl atravè pwovizyon, lè sa nesesè, èd ak sèvis oksilyè tankou entèprèt kalifye, telefòn tèks, ak enfòmasyon an bray, gwo lèt, oswa elektwonikman pou itilize ak yon pwogram lekti ekran òdinatè.
- Menas dirèk: Resipyan yo pa oblije bay moun aksè nan pwogram oswa aktivite yo lè yo reprezante yon menas dirèk jan yo dekri nan règ yo pwopoze a.
- Itilizasyon dwòg ilegal yo: Anjeneral, egzijans non diskriminatwa yo pa aplike a moun selon konsomasyon dwòg ilegal aktyèl li yo.
- Vanjans ak kontrent: Resipyan yo pa gen dwa pran revanj kont yon moun paske yo te pote yon plent oswa yo te fè objeksyon kont nenpòt zak oswa pratik Seksyon 504 la rann ilegal
- Estanda: resipyan k'ap bati nouvo plas oswa chanje plas ki egziste deja yo dwe konfòme yo ak Estanda 2010 pou Konsepsyon Aksesib, estanda Depatman Jistis la pibliye.
- Limitasyon yo: Resipyan yo pa bezwen pran aksyon si aksyon sa yo ap lakòz yon chanjman fondamantal nan nati pwogram yo oswa yon fado finansye ak administratif ki pa kòrèk.
Kòmantè Piblik
Règ yo pwopoze a ap chèche kòmantè sou yon varyete pwoblèm pou pi byen konprann eksperyans moun genyen ak diskriminasyon yo jwenn nan swen sante ak sèvis imen sou baz andikap ak eksperyans resipyan yo nan konfòmasyon lwa dwa sivil federal yo. Peryòd kòmantè a pral louvri pou 60 jou pou manm piblik yo bay kòmantè sou règ yo pwopoze a. OCR pral konsidere kòmantè sa yo pandan l'ap prepare yon règ final pou aplike nan Seksyon 504.
Depatman an pral fè yon reyinyon konsiltasyon tribi tou nan dat 6 oktòb 2023, soti nan 2 - 4 pm (ET). Pou patisipe, ou dwe enskri davans nan Meeting Registration - Zoom (zoomgov.com).
Ou ka gade oswa telechaje NPRM nan Discrimination on the Basis of Disability in Health and Human Service Programs or Activities.
Ou ka soumèt kòmantè, idantifye pa RIN 0945-AA15, elektwonikman atravè http://www.regulations.gov, oswa pa lapòs oswa pa livrezon men oswa kourye nan adrès sa a sèlman: US Department of Health and Human Services, Office for Civil Rights, Atansyon: 504 NPRM (RIN 0945-AA15), Hubert H. Humphrey Building, 200 Independence Avenue SW, Washington, DC 20201.
Pou plis enfòmasyon, tanpri ale sou sitwèb OCR nan www.hhs.gov/ocr.