Fèy enfòmasyon: Pwopozisyon règleman pou Nondiscrimination in Health Programs and Activitities (Konbat diskriminasyon nan pwogwam ak aktivite lasante)

Seksyon 1557 Affordable Care Act 

Department of Health and Human Services: HHS (Depatman Lasante ak Sèvis Pou Moun) fè sòti yon pwopozisyon règleman pou pèmèt egalite nan zafè lasante epi tou diminye gwo diferans nan swen lasante.  Règleman ke yo pwopoze a, Nondiscrimination in Health Programs and Activitities (Konbat diskriminasyon nan pwogwam ak aktivite lasante) pwal ede gwoup ki te pi viktim anba diskriminasyon pou yo jwenn menm aksè a swen lasante ak asirans la sante ke tout moun. Règleman sa'a amonize plisyè pwoteksyon ki ekziste deja e ki fè pati lwa gouvènman federal sou dwa sivil [1]epi tou li pèmèt moun konprann pi byen tout standa HHS gen pou li aplike lè "Section 1557 of the Affordable Care Act"(Lwa sou Swen Sante abòdab) pwal rantre en pratik. Seksyon 1557 la fè konnen ke moun pa gen dwa viktim diskriminasyon a koz de ras yo, koulè yo, nasyonalite yo, sèks yo, oswa le fè ke yo andikape.

Règleman sa'a ki konstwi sou prinsip dwa sivil ki la depi lontan ke moun konnen, sa yo se yon gran avanse.     Seksyon 1557 la se premier lwa dwa sivil ke gouvènman federal fè sòti, ki entèdi diskriminasyon sous baz sèks nan sèvis la sante.  Pwoteksyon sa'a kouvri tou moun ki gen asirans sante nan Health Insurance Marketplaces ak lòt pwogram asirans sante yo.  Et li asire ke pwogram sante HHS kouvri yo respekte règleman sa'a.

Règleman sa a ekplike ki dwa lwa sa'a bay konsomatè yo epi tou li fè pwogram ki konsène yo konnen devwa yo. Seksyon 1557 la komanse aplike depi lè lwa a sòti nan lane 2010 epi tou HHS Office for Civil Rights (OCR)(Biwo dwa sivil) la asire'l ke yo respekte Seksyon 1557 an depi lè sa'a.

Atik Spesifik

Pi gwo ekzijans lwa sa'a se ke yo pa gen dwa refize yon moun sèvis lasante oswa asirans sante.  Yo pa gen dwa tou fè diskriminasyon ak li lè pou yo bay sèvis lasante oswa asirans sante sou baz ras, koulè, nasyonalite, sèks, laj , oswa yon andikap.   Règleman sa'a a vize gwoup moun ki nan tan pase te konn toujou ap viktim diskriminasyon.  Kèk egzanp, règleman sa'a genyen ladan'l atik ki entèdi diskriminasyon sou baz sèks moun, li ankouraje asistans intèprèt pou moun ki pa pale lang angle a twò byen, epi tou li egzije bon jan mwayen kominikasyon pou moun ki andikape yo.  An gwo, règleman sa'a la pou asire ke tout konsomatè kapab jwenn menm kalite swen lasante ak asirans sante ke Affordable Care Act.

Règleman sa'a aplike nan tout pwogram sante oswa aktivite sante, ki resevwa finansman nan men HHS.  Nou vle pale de lopital ki aksepte malad Medicare, oswa doktè ki trete malad Medicaid.   Li aplike nan nenpòt ki pwogram sante ke HHS li menm kontwole.   Epi tou, li aplike nan Marketplaces yo ak nan tout plan asirans ke institisyon ki nan Marketplaces yo ofri.

Pwoteksyon kont diskriminasyon sou baz sèks

Pwoposisyon sa'a egzije ke yo trete fanm menm jan ak gason nan swen sante ak asirans sante ke yap resevwa.   An plis, règleman an fè konpran klè ke diskriminasyon ki baze sou idantite seksyèl fe pati diskrimasyon sou baz sèks. Pa egzanp -

  • Yo paka refize yon moun swen sante oswa asirans sante sou baz sèks li, sa enkli idantite seksyèl yo.
  • Yo dwe bay yon moun tretman ki korespon a identite seksyèl li, sa enplike aksè a local yo.
  •  Yo paka refize swen ki spesifik a yon sèks oudimwens limite swen yan, jis paske moun sa'a gen apatenans a lòt sèks la. Pa egzanp, yon founisè pa kapab refize yon moun tretman pou kansè nan ovè, paske moun se yon fi ki transfome kòl en gason pandan ke trètman medikal la nesesè   
  • Avèk règleman sa a, esklizyon yon moun nan yon pwogram asirans sante ki fèt paske moun sa'a chanje sèks se diskriminasyon. Lòt esklizyon nan swen moun ki chanje sèks pral evalye sou yon baz ka-pa-ka.

HHS ap chèche fidbak ak kòmantè piblik la sou pwopozisyon règleman sa a. Ak rèspè pou atik sou règleman sa'a ki pale de diskriminasyon sou sèks, pa egzanp

  •  Règleman sa'a montre klèman angajman HHS pou li aboli diskriminasyon ki baze sou orientasyon seksyèl epi tou li mande opinyon sou pi bon jan règleman final yo kapab fè pati pwoteksyon ki pi solid  kont diskriminasyon ke  tribinal yo supòte sou yon baz regilyer.           
  • Pwopozisyon règleman sa a mande pou nou di si Seksyon 1557 la ta dwe genyen ladan li egzanpsyon espesyal pou òganizasyon relijye yo; si wi ki kalite egzanpsyon li ta dwe genyen.  Pa genyen anyen nan règleman sa a ki kapab afekte aplikasyon tout lòt lwa ki te fèt pou pwoteje kwayans ak pratik relijyon, nou vle pale de"Provider Conscience Laws" (lwa sou konsyans founise swen yan), ak  règleman ki soti nan "Affordable Care Act"( ACA) ki gen rapò ak sèvis sante prevantif.  

Kominikasyon ak Moun ki pa pale angle byen ak Moun ki Andikape

Règleman sa'a adopte prensip ki la depi lontan ki di ke ogansim konsène yo dwe pran mezi rezonab pou sèvi moun ki pa pale lang angle'a byen.  Lè lap detèmine sa estanda a mande , OCR pwal evalye chak ka sou realite ka'a. Li gen ladann kalite kominikasyon an , epitou ki kantite fwa òganis lan rankontre moun ki pale lòt lang lan ak ki resous òganis lan genyen pou li rezoud pwoblem nan.

Avèk règleman sa'a, òganis konsène yo pwal oblije:

  • Afiche yon avi sou dwa konsomatè kap bay enfòmasyon sou asistans ki disponib pou ede moun ki pa pale angle byen ; epi tou
  • Mete afich ki ekri nan 15 lang [2] ke moun ki pa pale angle twò byen plis pale.  Afich sa yo ap fè konnen ke yap jwen èd nan lang sa yo. 

Pou diminye travay ak depans, OCR ap bay enstitisyonyon konsène yo yon echantiyon avi ak eslogan ki deja tradi.  Anplis de sa, OCR pral tradwi avi a nan 15 lang epi lap remèk òganizasyon konsène yo li. Si yo ta vle yo ka afiche youn oswa plizyè afiche pou kliyan yo.

An akò avèk egzijans ki deja la, règleman sa'a egzije tou pou òganis li kouvri yo mete en plas bon jan mwayen kominikasyon pou moun ki gen andikap.  Pou yo ka jwen èd oksilyè ak bon sèvis. Oganis la oblije ofri diferan fòma kominikasyon ak entèprèt pou bèbè, sof si li ka pwouve ke li nan encapasite pou li fè sa.   Avi ke òganism konsène yo dwe afiche yo, dwe bay enfòmasyon sou sèvis sa yo.  Pwopozisyon règleman sa'a fè rantre ladan egzijans abityèl ki gen rapò ak aksè nan enstalasyon ak aksè a teknoloji.  Li mande pou gen modifikasyon rezonab nan règleman ak pratik kote sa nesesè bay menm aksè a moun ki enkapasite.

Kouvèti Asirans Sante nan Marketplaces ak Lòt Plan Sante

Règleman sa'a entèdi diskriminasyon nan asirans sante  kit se sou baz ras, koulè, nasyonalite, sèks, laj, oswa andikap.  Pami lòt bagay, sa vle di ke institisyon ki nan Marketplace pa gen dwa pou li limite, anile ou refize bay yon asirans oswa renouvle li. Institisyon an pa gen dwa sèvi ak pratik maketing oswa ofri model benefis ki ka koz diskriminasyon.  Marketplaces yo dwe opere tou nan yon jan ki pa fè diskriminasyon.  Aprè sa, lopital ak kèk lòt founisè swen lasante ki resevwa lajan federal nan men HHS responsab si ta gen diskriminasyon nan plan sante yap ofri anploye yo. 

Dwa Konsomatè

Si yon moun kwe ke li ta viktim diskriminasyon nan swen lasante, li ka pote plent dirèkteman ak OCR .   Nan menm liy ak lwa federal sou dwa sivil ki egziste deja, pwopozisyon règleman an dwa pou yo fè yon aksyon prive,  moun nan gen kapasite pou depoze yon plent dapre Seksyon 1557.  

Komantè Piblic la

NPRM bezwen kòmantè sou yon kantite pwoblèm pou pi byen konprann eksperyansmoun yo ak diskriminasyon nan swen sante. Ak eksperyans ke òganizasyon ki kouvri yo ap fè lè yap konfòme avèk lwafederal sou dwa sivil yo.  Dosye a pral ouvri pou 60 jou - jiska 9 novanm  2015 - pou manm piblik la bay kòmantè sou pwopozisyon règleman sa'a.  OCR ap konsidere  kòmantè sa yo lè lap ekri fòm final règleman an pou li aplike Seksyon 1557.

Tèks sou règleman an disponib en Angle sou :https://www.federalregister.gov/public-inspection.  Rezime tradi yo pwal disponib nan yon ti tan anko sou site entènèt sa'a www.hhs.gov/ocr.   Si ou ta bezwen règleman an oswa rezime ya nan yon lòt fòma, tanpri rele nou nan:    (800) 368-1019 or (800) 537-7697 (TDD) pou asistans oswa kontakte nou sou imel sila'a: [email protected]

Ou ka soumèt kòmantè, idantifye pa RIN 0945 - AA02 pa vwa elektwonik sou site entènet sa'a: http://www.regulations.gov oswa pa la pòst pou U.S. Department of Health and Human Services, Office for Civil Rights, oswa vini bay li ou menm pou pa kourye 

Pou plis infòmasyon, tanpri ale sou sit la nan OCR entènèt: www.hhs.gov/ocr.
 


[1]Title VI of the Civil Rights Act of 1964  (Numero 6 Lwa sou Dwa Sivil ane 1964), Section 504 of the Rehabilitation ACT 1973 (Seksyon 504 nan Lwa sou Reyabilitasyon 1973 la), Title IX of the Education Amendments of 1972 (Numero 9 Amandman Edikasyon 1972 la), ak Age Discrimination Act of 1975 (Lwa sou Diskriminasyon sou Laj ane 1975 lan).
[2] Langue Panyòl, Chinwa, Vyetamyen, Koreyen,Tagalòg, lang Ris, lang Arab, Kreyòl, lang fransè, Pòtigè, Polonè, Japonè, Italyen, Alman, Pès (Fasi).

 

Content created by Office for Civil Rights (OCR)
Content last reviewed on November 12, 2015