FOR IMMEDIATE RELEASE
Contact: HHS Press Office
202-690-6343
[email protected]

HHS Anonse Pwopozisyon Règ pou Ranfòse Entèdiksyon Diskriminasyon nan Swen Sante

Règ ki pwopoze a kore pwoteksyon ki ann amoni ak òdonans egzekitif Prezidan Biden lan konsènan entèdiksyon pou fè diskriminasyon ki baze sou oryantasyon ak idantite seksyèl, epi pou pwoteje aksè nan swen sante repwodiktif.

Jodi a, Depatman Sante ak Sèvis Imen Etazini (HHS) te anonse yon pwopozisyon règ ki mete anplas Seksyon 1557 Lwa sou Swen Abòdab (ACA) ki entèdi yo fè diskriminasyon sou baz ras, koulè, orijin nasyonal, sèks, laj ak andikap nan sèten pwogram ak aktivite lasante. Règ ki pwopoze sa a retabli epi ranfòse pwoteksyon dwa sivik yo pou pasyan ak kliyan yo nan sèten pwogram sante leta federal ap finanse ansanm ak nan pwogram HHS yo aprè vèsyon ane 2020 règ la te limite pòte ak pisans li pou li kouvri mwens pwogram ak sèvis.

Règ ki pwopoze a kore pwoteksyon kont diskriminasyon sou labaz sèks yon moun, ki gen ladann oryantasyon ak idantite seksyèl ann amoni ak pozisyon Kou Siprèm Etazini nan jirispridans Bostock kont Konte Clayton, epi li raple pwoteksyon ki deja genyen kont diskriminasyon nan chèche sèvis swen sante repwodiktif. Ranfòsman règ sa a fè pati angajman Administrrasyon Biden-Harris la pou pwomouvwa egalite ant sèks yo ak dwa sivik, jan sa esplike nan òdonans egzekitif Prezidan Biden lan Anpeche ak Goumen kont Diskriminasyon sou Labaz Idantite ak Oryantasyon seksyèl Pwoteje Aksè nan Sèvis Swen Sante Repwodiktif yo, ak Fè Pwogrese Ekite Rasyal ak Sipò pou Kominote ki Pa Resevwa Anpil Sèvis yo.

Sekretè Xavier Becerra anonse ke: « Règ ki pwopoze sa a asire ke moun toupatou nan peyi a kapab jwenn aksè nan swen sante gratis san diskriminasyon » epitou: « Lè nou kanpe djanm ak kominote ki gen bezwen, sa enpòtan anpil, espesyalman etandone ke gen plis atak ki fèt kont fanm, jenn ki trransjan ak founisè swen sante yo. Swen sante se yon dwa li ta dwe ye ki pa depannde aparans, lanmou, langaj oswa tip swen yon moun bezwen. »

« Kounye a plis pase anvan, nou dwe kanpe fèm pou moun toupatou nan peyi a ki pa gen vwa pou pale, fè yo konnen nou solidè avèk yo epi n ap travay pou garanti yo kapab jwenn aksè nan swen sante san yo pa viktim diskriminasyon. Règ ki pwopoze jodi a se yon gwo pwogrè nan travay nou pou garanti ke objektif sa a reyalize » Direktris-Enterimè HHS Biwo pou Dwa Sivik (OCR) la, Melanie Fontes Rainer. « Mwen fyè de estaf nou an ki travay sou règ enpòtan sa a ki ranfòse Seksyon 1557 la epi ki travay chak jou pou ede sipòte objektif sa yo. Règ ki pwopoze sa a kore angajman nou pou aplike lalwa epi pwoteje dwa sivik tout moun ki gen aksè oswa  k ap chèche jwenn aksè nan pwogram ak aktivite sante yo. »

« Lè nou ranfòse Seksyon 1557, li sipòte jefò n ap fè san rete pou founi bonjan swen sante ki abòdab epi pou ankouraje ekite nan zafè sante pou tout moun ki jwenn sèvis nan kad pwogram nou yo » Administratè Sant Sèvis Medicare ak Medicaid (CMS) Chiquita Brooks-LaSure deklare. « Travay sa a pral ede elimine diferans ki kapab evite nan pwonostik sante pou moun ki pa resevwa ase sèvis yo epi li founi swen ak sipò moun bezwen pou viv byen. »

Avi sou Kreyasyon Pwopozisyon Règ Seksyon 1557 (NPRM) la eseye rezoud mankman yo te idantifye nan ansyen règlemantasyon yo. Pou kapab fè avanse pwoteksyon yo dapre règ sa a, men sa règ la fè:

  • Li re-defini pòte Seksyon 1557 an pou kouvri pwogram ak aktivite sante HHS yo.
  • Li klarifye aplikasyon kondisyon entèdiksyon diskriminasyon Seksyon 1557 la pou konpayi asirans-maladi yo ki resevwa èd finansyè federal.
  • Li aliye kondisyon reglemantè yo ann amoni ak opinyon Tribinal federal yo pou entèdi diskriminasyon sou labaz oryantasyon ak idantite seksyèl.
  • Li re-afime ke diskriminasyon sou labaz sèks yon moun enkli diskiriminasyon poutèt yon moun ansent oswa sou labaz eta sante ki sanblab, tankou pa egzanp « enteripsyon gwosès ».
  • Li garanti antite ki resevwa finansman federal yo operasyonalize kondisyon yo pou anpeche epi goumen kont diskriminasyon, lè yo egzije politik ak pwosedi pou dwa sivik.
  • Li egzije pou antite yo fòme estaf yo konsènan fason pou founi sèvis èd nan lang pou moun ki gen konpetans limite nan lang Anglè (LEP), epi pou asire yon kominikasyon efikas ak modifikasyon rezonab nan politik ak pwosedi yo pou moun ki gen yon andikap.
  • Li egzije pou antite ki konsène yo founi yon avi entèdiksyon diskriminasyon ansanm ak yon avi konsènan disponibilite sèvis èd nan lang ak sipò epi sèvis konplemantè.
  • Li entèdi eksplisitman nenpòt diskriminasyon nan itilizasyon algoritm klinik yo pou kore priz desizyon nan kad pwogram ak aktivite sante ki konsène yo.
  • Li klarifye ke egzijans entèdiksyon diskriminasyon yo ki aplikab pou pwogram ak aktivite sante yo enkli sèvis yo ofri a distans (telesante), ki dwe aksesib pou moun ki pa pale Anglè byen (LEP) yo ak moun ki gen yon andikap.
  • Li defini Medicare Pati B kòm yon èd finansyè federal.
  • Li amelyore epi ranfòse pwosesis la pou prezante objeksyon de konsyans ak pou libète relijyon.

Pandan Depatman an ap antreprann aktivite kreyasyon règ sa a, ni estati ak ni règlemantasyon aktyèl la anplas kounye a. Si ou kwè oumenm oswa yon lòt pati te sibi diskriminasyon sou labaz ras, koulè, orijin nasyonal, sèks, laj oswa yon andikap, al gade nan Pòtal OCR pou pote plent pou depoze yon plent sou Entènèt.

HHS ankouraje tout pati yo ki gen enterè pou HHS fonksyòne byen, ki gen ladann pasyan ak fanmi yo, konpayi asirans-maladi, founisè swen sante, asosyasyon pwofesyonèl swen sante, defansè konsomatè ak antite leta yo, pou yo voye kòmantè yo nan sitwèb regulations.gov.

Kòmantè piblik yo sou NPRM la dwe soumèt 60 jou apre piblikasyon NPRM la nan Rejis Federal la. Epitou Depatman an pral òganize yon reyinyon Konsiltasyon Tribi nan dat 31 dawout 2022, soti 2è:00 p.m. rive 4è:00 p.m. Lè sou Kòt Lès Etazini (EST). Pou patisipe, ou dwe enskri ann avans nan https://www.zoomgov.com/meeting/register/vJIsfu-rqzksEl2T8gUp_lDrWBqkU0223CY.
Ou ka wè oswa telechaje NPRM la nan: https://www.hhs.gov/civil-rights/for-individuals/section-1557/index.html.

Yon fèy enfòmasyon sou NPRM la disponib ann Anglè ak nan 16 lang nan: https://www.hhs.gov/civil-rights/for-individuals/section-1557/index.html.

###
Note: All HHS press releases, fact sheets and other news materials are available at https://www.hhs.gov/news.
Like HHS on Facebook, follow HHS on Twitter @HHSgov, and sign up for HHS Email Updates.
Last revised:

Subscribe to RSS

Receive latest updates

Subscribe to our RSS

Media Inquiries

For general media inquiries, please contact [email protected].

Content created by Office for Civil Rights (OCR)
Content last reviewed