• Text Resize A A A
  • Print Print
  • Share Share on facebook Share on twitter Share

Kesyon yo poze souvan

Seksyon 1557 Affordable Care Act

Notice of Proposed Rulem (Nòt sou propozisyon règleman)

  1. Ki sa ki Seksyon1557 et ki lè li komanse aplike?

Seksyon 1557 se yon atik pou konbat diskriminasyon ke Affordable Care Act (ACA) ekspoze. Règleman sa a entèdi diskriminasyon sou baz ras, koulè, nasyonalite, sèks, laj, oswa moun ak andicap nan pwogram lasante, ak lòt aktivite lasante kap recevwa kòb nan men gouvènment federal la, oswa ki sou kont yon ajans ekzekitif oswa nimpòt ki òganism établi sou Tit I ACA a. Seksyon 1557 komanse aplike depi ke yo fè li sòti ya en 2010.

  1. Ki jan Seksyon 1557 la proteje konsomatè yo?

Seksyon 1557 dekrete ke li ilegal pou nenpòt ki founisè sante, kit se lopital oswa doktè, depi lap resevwa lajan nan men gouvènman federal, pou li ta refize trete yon moun-oswa fè zak discriminasyon kont yon moun-baze sou ras li, koulè li, nasyonalite li, sèks li, laj li, ou byen andicap.  Seksyon 1557 ekzije menm bagay pou konpayi asirans resevwa lajan federal; pami tout sa yo entèdi yo, yo pa gen dwa eksli oswa bay move tretman a moun baze sou tout sa Seksyon an intèdi yo.  Sou baz règleman sa a, Seksyon 1557 valab menm jan an pou "Health Insurance Marketplace"Asirans sante Marketplace ak progwam sante Department of Health and Human Services (HHS, Depatman Sante ak Sevis Moun) administre.

  1. Eske pwopozisyon règleman Seksyon 1557 la diferan de lwa nan dwa sivil ke Office for Civil Rights (Biwo Dwa Sivil) te deja ap aplike?

Règleman sa'a amonize plizyè pwoteksyon ki ekziste deja e ki fè pati lwa gouvènman federal sou dwa sivil epi tou li pèmèt moun konprann pi byen tout standa HHS gen pou li aplike lè "Section 1557 of the Affordable Care Act"(Lwa pou Sante abòdab) pwal rantre en pratik. Seksyon 1557 la fè konnen ke moun pa gen dwa viktim diskriminasyon a koz de ras yo, koulè yo, nasyonalite yo, sèks yo, oswa le fè ke yo andikape.

Règleman sa a ki konstwi sou prinsip dwa sivil ki la depi lontan e ke moun konnen ap pèmèt gwo avanse.  Seksyon 1557 la se premye lwa dwa sivil ke gouvènman federal fè sòti, ki entèdi diskriminasyon sous baz sèks nan sèvis lasante.  Pwoteksyon sa a kouvri tou moun ki gen asirans sante nan Health Insurance Marketplaces ak lòt pwogram asirans sante yo.  Et li asire ke pwogram sante HHS kouvri yo respekte règleman sa'a.

Règleman sa a ekplike ki dwa lwa sa'a bay konsomatè yo epi tou li fè pwogram ki konsène yo konnen devwa yo.

  1. Eske Seksyon 1557 aplike a lè ki le?

Seksyon 1557 la kòmanse aplike depi lè li soti nan Affordable Care Act an 2010.  Depi lè sa a, Office for Civil Rights (Ofis Dwa Sivil) resevwa ak ankete sou tout plent sou diskriminasyon ki gen rapò ak Seksyon 1557 la.

  1. Ki sa mwen ka fè si mwen panse ke dwa sivil mwen yo, an rapò ak Seksyon 1557 la pa respekte?

Si ou santi ke ou viktim diskriminasyon nan yon sèvis sante oswa nan yon asirans, ou mèt ranpli yon plent diskriminasyon en rapò ak Seksyon 1557 la.  Tanpri vizite sit entènèt Office for Civil Rights (OCR) (Ofis Dwa Sivil) sou: www.hhs.gov/ocr pou ou ka jwen tout enfòmasyon, oswa rele OCR, gratis nan: (800) 368-1019 oswa (800) 537-7697 (TDD) pou ou ka pale ak yon moun ki ka repon kesyon ou yo et kap gide ou nan tout pwosesis la.  Fòmilè OCR pou'w ka pote plent yo disponib nan anpil lang.  Si w bezwen èd pou ranpli fòmilè sa'a oswa si ou bezwen fòmilè ya nan yon lòt fòma, ou te mèt rele gratis nan: (800)368-1019 oswa (800) 537-7697 (TDD) pou ou jwen asistans.  Moun kapab pote plent la jistis sou baz Seksyon 1557 la tou.

  1. Poukisa OCR fè yon pwopozisyon regleman ki pale de Seksyon 1557 la?

OCR propoze règleman sa a pou ekplike dwa konsomatè yo epi tou pou li fè pwogram konsène yo konnen devwa yo anba Seksyon 1557 la. Règleman sa a fèt sou menm lide ak kat lwa dwa sivil gouvènman federal ki nan Seksyon 1557 la ak tout sa ki pèmèt mete yo an aplikasyon: Title VI of the Civil Rights Act of 1964 (Numero VI Lwa sou Dwa Sivil ane 1964), Section 504 of the Rehabilitation Act 1973 (Seksyon 504 nan Lwa sou Reyabilitasyon 1973 la), Title IX of the Education Amendments of 1972 (Numero IX Amandman Edikasyon 1972 la), ak Age Discrimination Act of 1975 (Lwa sou Diskriminasyon sou Laj ane 1975 lan).  Anplis, règleman sa a bay nouvo standa ki aplike nan koze diskriminasyon sou baz sèks nan Sèvis lasante. Li bay standa ki pou aplike nan "Marketplaces" ak program lasante ke HHS administre.

  1. A ki lès pwopozisyon règleman sa a aplike?

Règleman sa a aplike a tout progwam lasante oswa aktivite lasante kap resevwa lajan nan men HHS, tankou "Indian Health Service" (Sèvis Sante Endyen) oswa pwogram "Medicare" epitou tout pwogram ak aktivite lasante ki administre pa yon antite ki kreye pa Tit nimewo I ACA a.  Enstitisyon ke règleman sa a kouvri se Lopital, Klinic Sante, Pwogram Asirans Sante, "state Medicaid agencies" (Ajans Leta "Medicaid), Sant Sante Kominotè, Klinic doktè, Ajans ki okipe koze Sante a domisil ak Health Insurance Marketplaces.

Règleman sa a aplike pou HHS ak pwogram ak aktivite lasante ke li finanse yo, tandis ke Seksyon 1557 vle ale pi lwen. Li aplike pou tout pwogram ak aktivite lasante ki resevwa nan men nenpòt ki ajans Ekzekitif lajan gouvènman federal la.  Chak ajans gen otorite sou pwogram oswa aktivite lasante lap finanse pou fè respekte règleman yo. HHS ankouraje lòt ajans pou yo adopte standa règleman sa a pou yo ka aplike Seksyon 1557 la tou.

  1. Eske règleman sa'a valab pou Marketplaces yo tou?

Wi, seksyon 1557 la kouvri Marketplace gouvènman federal la fasilite yo, e Marketplace pou chak eta yo.

  1. Kòman antite ki anba la lwa sa'a ka fè konsomatè yo konnen dwa yo?

Konfòmeman ak eksijans lwa Dwa sivil yo, HHS ekzije tout enstitisyon li kouvri yo pou yo afiche yon nòt sou dwa sivil konsomatè yo; enstitisyon konsène ki gen 15 oswa plis anplowaye genyen obligasyon pou yo genyen prosedi pou doleans dwa sivil avèk yon anploye dezinye pou koòdone efò pou yo konfòme yo. Gen yon nouvo règleman ki mande pou enstitisyon konsène yo pou yo afiche enfòmasyon pou di konsomatè ki andicap ak konsomatè ki pa pale anglè twò byen yo, ke yo gen dwa pou yo resevwa aistans. Epitou yap oblije afiche slogan nan 15 lang ki pi pale pami moun ki pa pale angle twò byen yo, pou yo fè konsomatè yo konnen ke genyen asistans gratis pou lang pa yo a.

Pou chay la pa twò lou pou enstitisyon konsène yo, Office for Civil Rights (OCR) prepare modèl avi ke enstitisyon yo ka sèvi avèk yo si yo vle; konsa tou yo ka fè nòt pa yo si yo vle.  OCR planifye pou li tradui yon modèl avi kap sèvi egzanp nan 15 lang ki pi pale pa moun ki pa pale angle twò byen yo. Epitou lap bay enstitisyon tradiksyon sa yo pou yo afiche si yo vle.  En plis, OCR ap planifye pou yo bay afich ki gen slogan nan 15 lang ki pi pale yo, ke enstitisyon konsène yo pwal oblije afiche.

  1. Ki sa règleman sa a ekzije de moun ki pa pale angle twò byen?

Règleman sa'a adopte prensip Tit VI  ki la depi lontan ki egzije ke enstitisyon konsène yo dwe f sa ki nesesè pou yo bay asistans a moun ki pa pale angle twò byen yo.   Standa Tit nimewo VI la ki anndan règleman sa'a ka adapte,li ka pran an kont faktè tankou: kalite ak enpotans kominikasyon. Epitou li konsidere ki kantite fwa enstitisyon konsène yo kontre ak lang ke moun yo pale, resous enstitisyon an genyen, ak lòt konsiderasyon. 

  1. Ki sa règleman an ekzije konsènan moun ki gen andikap?

Règleman sa'a ale nan menm sans ak egzijans ki nan "the Americans with Disabilities Act"(Lwa sou Ameriken ki andikape) avèk Section 504 la.  Pa konsekan règleman sa'a ekzije bon jan kominikasyon, a travè sèvis ke yap bay yo ak oxilyè kap ede; li ekzije ke gen standa etabli pou ninpòt ki lokal ak bilding ka aksesib; li exije ke progwam ak enfòmasyon ke yo ofri pa vwa electronik yo ka disponib, a mwens ke enstitisyon konsène ya ka pwouve ke administrasyon li pa gen ase kòb pou li fè sa yo, oswa si li fèl lap chanje kalite pwogram ak aktivite ke li sipoze ofri ya.  Antite konsène yo dwe fe modifikasyon ki rezonab nan politik yo, nan pratik yo ak nan tout prosedi yo pou yo bay moun ki gen andikap aksè a sèvis ak pwogwam ki anba seksyon sa'a, a mwens ke antite ya ka montre ke si li fè sa, lap nwi pwogram ak sèvis yo.

  1. Ki sa ke yo rele diskriminasyon sou baz sèks la?

Dapre pwopozisyon règleman an diskriminasyon sou baz sèks genyen ladann, diskriminasyon paske moun nan ansent, cliche sèks, ak idantite sèksyèl, plis anpil lòt toujou. Sa gen plis ke 25 ane, U.S. Supreme Court (Lakou Siprèm Etazini) te deklare ke diskriminasyon ki baze sou kliche ki an rapò avèk sèks yon moun, nou vle pale de konpòtman, aparans ak jès moun nan, se diskriminasyon seksyèl et li ilegal.  Nan règleman sa a yo pwopoze pwoteksyon sou diskriminasyon idantiteseksyèl baze sou desizyon sa'a ansanm ak ka lalwa ke yo vin jwen apre, menm jan tou sou pratik ajans federal yo. 

Règ la pwopoze fè angajman HHS la klè, tankou yon politik etabli , pou entèdi diskriminasyon ki baze sou oryantasyon seksyèl. Li mande kòmantè sou kòman yon règ final ka enkòpore pi djanm pwoteksyon kont diskriminasyon ki en plas yo, pou yo sipòte pa tribinal yo sou yon baz kontinyèl.

  1. Poukisa Office for Civil Rights (OCR, Biwo pou Dwa Sivil) chwazi meteyon atik ki mande ke ni gason ni fi gen menm aksè a tout pwogram ak aktivite lasante yo?

Plizyè atik nan pwopozisyon règleman an genyen ladan yo prensip ki sòti nan lwa dwa sivil. Sa vle di enstitisyon konsène yo deja abitye ak yo. Kèk nan atik sa yo egzije pou bay asistans a moun ki pa pale anglè twò byen yo ak moun ki andikape.  Pwopozisyon règleman sa a bay endikasyon pou pèmèt aplikasyon prensip sa yo nan domèn yo poko abitye yo.  Paske seksyon1557 se premye lwa dwa sivil gouvènman federal fè soti ki entèdi discriminasyon sou baz sèks nan systèm sante, pwopozisyon règleman sa'a genyen ladann atik kap edike konsomatè yo ak enstitisyon yo sou sa ki diskriminasyon sou baz sèks nan sa ki gen awè ak sistèm lasante.  OCR bay enfòmasyon tou sou ki jan pou yo aplike prensip ki kont diskriminasyon nan sektè Asirans Sante ak lòt kouvèti sante.

  1. Ki sa atik ki vle ke ni gason ni fi genyen menm aksè a pwogram sante yo egzije?

Pwopozisyon règleman an egzije enstitisyon yo pou yo bay tout moun, menm aksè nan pwogram ak aktivite sante yo san diskriminasyon sou baz sèks yo, epitou pou yo trete tout moun konfòmeman a identite seksyèl yo. Atik sa a valab pou tout pwogram ak aktivite lasante, ki gen ladanl tou aksè a tout lokal enstitisyon an ap administre.    Apwòch sa a konfòm ak dènye règ ak aksyon Department of Education (Depatman Edikasyon), Department of Justice (Depatman lajistis) ak Equal Employment Opportunity Commission (Komisyon pou Egalite nan Opòtinite Travay).

  1. Ki sa atik sou diskriminasyon nan domèn asirans sante ak lòt kouvèti sante yo intèdi?

Pwopozisyon règleman sa a entèdi enstitisyon konsène yo pou yo ta fè diskriminasyon kèl li lan swa sou baz ras, koulè, nasyonalite, sèks, laj, oswa andikap lè yap bay asirans sante oswa yon lòt kouvèti sante.  Entèdiksyon sa a valab pou tout enstitisyon kap bay asirans epi ki resevwa lajan nan men gouvènman federal la, tankou "premium tax credits" ak "cost sharing reductions" ki asosye ak kouvèti ke Marketplaces lan ap ofri oswa peman Medicare Part D.

Pwopozityon règleman sa a fè konnen ke yon enstitisyon pa gen dwa: rejte, anile, limite oswa refize bay oswa renouvle yon asirans. Yo pa gen dwa rejte oswa limite yon reklamasyon, ou byen fòse kliyan an peye plis lajan ke li te dwe peye oswa lòt limitasyon. Règleman an entèdi move pratik nan fè reklam ak nan sèvi ak imaj kap diskrimine moun sou baz ras, koulè, nasyonalite, orijin, sèks, laj oswa andikap yo.  Pwopozisyon règleman sa'a pa egzije yon plan asirans pou li bay yon sèvis en patikilye, men an menm tan tou li entèdi asirans lan pou li aplike de politik ki ankouraje diskriminasyon. 

Pwopozisyon règleman an entèdi yon asirans pou li ta refize peye reklamasyon, oswa egzije plis lajan nan men yon kliyan, oswa mete lot limitasyon, tout sa paske swen lasante kliyan an resevwa a se swen ki rezève pou moun yon sèl sèks, men sèks kliyan sa an lè li te fèt, idantite seksyèl li, oswa sèks ki sou kat didantite li diferan de sèks ki resevwa swen lasante sa a.

Règleman sa a konsidere kòm diskriminasyon tout atik nan yon asirans lasante ki eksli yon categori moun paske yo chanje sèks.  En plis de sa, lè yon enstitisyon ap bay asirans sante oswa lòt pwoteksyon lasante, li pa kapab refize oswa limite kouvèti asirans lan, oswa refize yon reklamasyon pou sèvis ki gen rapò ak chanjman sèks si refi sa'a oswa limitasyon sa yo debouche sou diskriminasyon kont yon moun ki chanje sèks.

  1. Eske pwopozisyon règleman sa a kouvri diskriminasyon sou domèn travay?

Pwopozisyon règleman sa a bay yon pwoteksyon limite nan sa ki gen a wè ak diskriminasyon nan travay.  Règleman gen rapò ak atik sou kouvèti medikal yon emplwaye resevwa nan yon enstitisyon ki resevwa lajan nan men gouvènman federal epitou kap evolye nan domèn la sante tankou lopital ak mezon retrèt.  Règleman sa a valab tou pou kouvèti medical ke anplwaye resevwa nan men yon enstitisyon ki pap evolye prensipalman nan domèn lasante si enstitisyon sa a resevwa lajan nan men gouvènman federal kap peye kouvèti medikal anplwaye yo oswa yon lòt progam sante.  Nan dezyem sitiyasyon an, se sèl anplwaye kap travay pou pwogram sante ya kap gen kouvèti medikal.  Fason pwopozisyon règleman sa a jere diskriminasyon nan travay anba Seksyon 1557 la pa deranje pwoteksyon ke "title VII of the Civil Rights Act" (Atik VII nan Lwa sou Dwa Sivil) lan bay.

  1. Eske proposityon règleman sa'a genyen ladan egzanpsyon relijye?

Pwopozisyon règleman sa a mande pou nou di si Seksyon 1557 la ta dwe genyen ladan li egzanpsyon espesyal pou òganizasyon relijye yo; si wi ki kalite egzanpsyon li ta dwe genyen.  Pa genyen anyen nan règleman sa a ki kapab afekte aplikasyon tout lòt lwa ki te fèt pou pwoteje kwayans ak pratik relijyon, nou vle pale de "Provider Conscience Laws" (lwa sou konsyans founise swen yan), "The religious Freedom Restoration Act"(Lwa sou retablisman Libete relijyon), plizye atik nan "Affordable Care Act" lan (Lwa sou Swen sante abòdab) ki gen rapò ak avòtman, oswa lòt règleman ki gen a wè avèk swen prevantif ki fè pati de "Affordable Care Act" lan. 

  1. Èske mwen ka revize pwopozisyon règleman a?

Wi.Ou kapab revize yon kopi pwopozisyon règleman sa a nan: https://www.federalregister.gov/public-inspection , oswa chèche yon lyen sou sit OCR la: http://www.hhs.gov/ocr.

  1. Èske mwen kapab jwenn yon kopi règleman an ki enprime en gwo karaktè, oswa nan lang Bray, oswa lòt fòma?

Wi.  Pou ou jwen yon kopi nan yon lòt fòma, tanpri imel Office for Civil Rights (Biwo Dwa Sivil) nan: [email protected] epitou pa bliye bay detay sou fòma ou vle ya, oswa rele gratis nan: (800) 368-1019 or (800) 537-7697 (TDD) pou yon moun ka ede ou.

  1. Ki lè peryod kote piblik ap a ka fè kòmantè Notice of Proposed Rulemaking (sou pwopozisyon Règleman) an ap fèmen epitou kouman mwen ka fè pou'm fè kòmantè pam sou pwopozisyon regleman sa a?

Moman piblik la ka fè kòmantè Notice of Proposed Rulemaking (sou Avi Pwopozisyon Règleman) sa a ap fèmen jou k'ap 9 Novanm, 2015.  Pou ou ka soumèt kòmantè, idantifye kòmantè sa yo ak RIN 0945-AA02  (oswa Docket ID No. 2015-22043) epi suiv nenpòt nan mwayen sa yo:

Federal eRulemaking Portal: Ou kapab soumèt komantè ou sou sit entènèt sa a http://www.regulations.gov. Swiv enstriksyon yo pou ou ka soumèt kòmantè elektwonik ou yo. Dokiman wap mete nan imel ou yo dwe fèt nan Microsoft Word ou Excel; sepandan, Office for Civil Rights (Biwo pou Dwa Sivil) pwefere lè moun soumèt dokiman sa yo sou fòm Microsoft Word.

Ou kapab itilize lapòst regilye, lapòst Express oswa lapòst yon jou Lèt:  Ou mèt poste kòmantè ou ekri yo (yon orijinal ak de kopi) nan adrès sa a: U.S Department of Health and Human Services, Office for Civil Rights, Attention: 1557 NPRM (RIN 0945-AA02), Hubert H. Humphrey Building, Room 509F, 200 Independence Avenue, SW., Washington, DC 20201. Lè ou voye pa lapòst yo ka rive ta paske sekirite ap verifye yo. Tanpri panse a sa lè wap voye kòmantè yo palapòst pou nou pa resevwa yo apre dat yap fèmen yan.

Pote kòmantè yo ou menm oswa fè yon moun pote yo pou ou: Si ou pi pito, ou ka pote kòmantè ou ekri yo ou menm oswafè yon moun depoze yo pou ou (yon orijinal ak de kopi) nan adrès sila a: Office for Civil Rights, Attention: 1557 NPRM (RIN 0945-AA02), Hubert H. Humphrey Building, Room 509F, 200 Independence Avenue, SW., Washington, DC 20201. (Moun ki pa gen piès didantite gouvènman federal pa ka rantre nan bildin Hubert H. Humphrey. Pa konsekan, nou mande pou nou ta kite anvlòp ki gen kòmantè yo nan bwat ki fèt pou resevwa lèt yo nan sal akèy anba nan bildin nan.)

  1. Eske mwen ka revize ak kòmante sou pwopozisyon règleman sa a nan "Department's Initial Regulatory Assessment" (Depatman Pou Premye Evaliasyon Regilasyon Yo)?

Wi.  Ou ka revize ak kòmante yon kopi pwopozisyon règleman sa a nan "Department's Initial Regulatory Assessment"(Depatman Premye Evaliasyon Regilasyon yo) sou https://www.federalregister.gov/public-inspection, oswa sou sit entènèt la nan Office for Civil Rights a http://www.hhs.gov/ocr.  Ou ka kòmante sou "Initial Regulatory Assessment" (Premye Evaliasyon Regilasyon Yo) sou nenpòt ki lès nan sit entènèt nou sot site la yo.

Content created by Office for Civil Rights (OCR)
Content last reviewed on November 12, 2015