• Text Resize A A A
  • Print Print
  • Share Share on facebook Share on twitter Share

Enfòmasyon OCR an kreyòl ayisyen

Depatman Sante ak Sèvis Sosyal (HHS) biwo dwa sivil (OCR), aplike lwa federal dwa sivil, lwa sou libète konsyans ak relijye yo, lwa sou sou transfè ak responsablite nan zafè asirans sante (HIPAA) ak lwa sou sekirite ak règleman sou vyolasyon, avi lwa avèk règ sou sekirite pasyan an, kote yo tout pwoteje dwa fondamantal ou yo nan zafè pa genyen non-diskriminasyon, konsyans, libète relijye, ak konfidansyalite sou enfòmasyon sante antite ki konsène yo.

Si ou bezwen èd pou depoze yon plent, tanpri rele nou nan 1-800-368-1019. Si ou bezwen yon entèprèt, nou ap ba ou youn gratis.

OCR te tradui fèy ransèyman ki suiv yo la nan plizyè lang. Si ou bezwen plis enfòmasyon ki tradui apati sit entènèt sa a, tanpri rele nou nan 1-800-368-1019.

Dwa sivil

Lwa sou dwa sivil federal yo ede pwoteje ou kont move tretman oswa diskriminasyon poutèt ras ou, koulè ou, orijin nasyonal ou, andikap ou, laj ou, oswa sèks.

Si ou kwè ke yon antite konsène ta diskrimine-w oswa vyole dwa sivil ou (oswa lòt moun) lakòz ras, koulè, orijin nasyonal, laj, oswa sèks ou, ou kabap pote yon plent nan biwo dwa sivil (OCR).

Fèy ransèyman sa yo dekri dwa sivil ou yo nan kad lwa ki dikte OCR yo.

Libète konsyans ak relijyon

Lwa federal sou libète konsyans ak relijye ede pwoteje ou kont presyon, diskriminasyon sou baz konsyans oswa relijyon, ak defi pou pwatike relijyon ou libe libè.

Si ou kwè ke yon antite konsène ta diskrimine-w oswa vyole libète konsyans ak relijye ou (ak lòt moun), ou kapap pote plent nan biwo dwa sivil la (OCR).

Enfòmasyon konfidansyèl sou sante

Regleman Konfidansyalite HIPAA se yon lwa federal ki ba ou dwa sou enfòmasyon sou sante ou ak regleman ki tabli limit sou moun ki ka gade ak resevwa enfòmasyon sou sante. Regleman sou Konfidansyalite a aplike pou tout fòm enfòmasyon sante moun ki pwoteje, elektwonik, ekri oswa oral. Règ Sekirite HIPAA se yon lwa federal ki egzije sekirite pou enfòmasyon medblèmikal sou fòm elektwonik. Anplis de sa, Lwa ak regleman sou sekirite pasyan yo an etabli yon sistèm rapò volontè pou amelyore done ki disponib yo pou evalye ak rezoud pwo sekirite pasyan an ak kalite swen sante yo, epi li bay pwoteksyon pou konfidansyalite ak enkyetid sou sekirite pasyan yo.

Si ou kwè ke yon antite ta vyole dwa ou oswa (lòt moun) konfidansyalite enfòmasyon sou sante-w oswa ta komèt yon lòt vyolasyon anvèti lwa sou transfè ak responsablite nan zafè asirans sante (HIPAA), lwa sou konfidansyalite, sekirite ak avi sou vyolasyon oswa lwa ak règ sou sekirite pasyan yo, ou kapab pote yon plent nan biwo dwa sivil (OCR).

Dokiman

* Moun ki sèvi ak teknoloji asistans ka pa kapab konplètman aksè enfòmasyon nan dosye sa yo. Pou asistans, kontakte Biwo HHS pou Dwa Sivil nan (800) 368-1019, TDD gratis: (800) 537-7697, oswa pa imèl [email protected].

Content created by Office for Civil Rights (OCR)
Content last reviewed on October 15, 2020