Fèy Enfòmasyon: Non-Diskriminasyon nan Pwogram Sante yo epi Aktivite yo: Règleman Pwopoze a Seksyon 1557 Lwa konsènan Swen ki Abòdab

Depatman an Sante ak Sèvis Imèn (HHS) te anonse yon pwopozisyon règleman pou avanse ekite nan zafè sante epi pou diminye diferans nan swen sante. Règleman ki pwopoze a, Entèdiksyon Diskriminasyon nan Pwogram Sante ak nan Aktivite yo, revize règleman yo pou mete anplas Seksyon 1557 Lwa sou Swen Abòdab pi li pwopoze dispozisyon gaya ki pi efikas pou pwoteje moun kont diskriminasyon.

Seksyon 1557 LSA a entèdi diskriminasyon sou baz ras, koulè, orijin nasyonal, sèks, laj, oswa andikap nan sèten pwogram sante oswa aktivite epi se youn nan zouti yo ki pi pwisan pou asire aksè ki pa diskriminatwa nan swen sante. Anplisde pwopozisyon pou revize Seksyon 1557 ki mete anplas règleman an, règlemantasyon sa a enkli tou revizyon ki pwopoze nan pwovizyon entèdiksyon diskriminasyon yo ki nan règlemantasyon Sant yo pou Sèvis Medicare ak Medicaid (CMS) yo.

Depatman an angaje nan pwopozisyon règlemantasyon sa a pou ranfòse e retabli pwoteksyon yo kont diskriminasyon nan pwogram sante ak aktivite yo, ki konsistan avèk tèks jiridik Seksyon 1557, entansyon Kongrè a, presedan jiridik ak priyorite Administrasyon Biden-Harris la genyen pou avanse ekite ak dwa sivik. Pwopozisyon yo nan Avi Pwopozisyon Règlemantasyon sa a benefisye de gwo angajman pati prenant yo, eksperyans mizanplas Depatman an, epi de dènye pwogrè yo nan lwa sou dwa moun.

Pandan ke Depatman an ap antreprann règlemantasyon sa a, toude lwa a ak règleman aktyèl la anplas. Si ou kwè ke oumenm oswa yon lòt pati te viktim diskriminasyon sou baz la ras, koulè, orijin nasyonal, sèks, laj, oswa andikap, vizite pòtal pou pote plent devan Biwo Dwa Sivik pou depoze yon plent sou entènèt.

Rezime Règ ki Pwopoze a

Li retabli aplikasyon nan tout pwogram sante administre yo epi aktivite administre Depatman Sante ak Sèvis Imen.

Règleman pwopoze a aplike menm estanda non-diskriminasyon yo nan pwogram sante ak aktivite Depatman an ki obligatwa pou benfisyè lajan federal yo. Règleman 2020 an ( 85 Reg. Fed. 37160 (19 Jen, 2020)) te limite dimanyson an egzijans non-diskriminasyon yo Seksyon 1557 pou sèlman pwogram ak aktivite sa yo Depatman an daprè Tit I LSA a. Depatman an kwè ke entèpretasyon Seksyon 1557 dwe aplike pou tout pwogram sante yo ak pou tout aktivite yo  Depatman an administre kòmkwa se pi bon entèpretasyon langaj jiridik la, epi se sèl la ki bay pwoteksyon kont diskriminasyon bay moun nan plis pwogram. Sa demontre angajman Depatman an pou asire ke moun pa sibi diskriminasyon atravè tout seri pwogram sante ak aktivite ke li jere yo, ki enkli men ki pa limite ak Sèvis Sante pou Endyen an, Sant pou Sèvis Medicare ak Medicaid yo, e Enstiti Nasyonal Sante yo.

Li klarifye aplikasyon egzijans non-diskriminasyon Seksyon 1557 a pou founi asirans sante.

Règleman ki pwopoze a, ki konsistan avèk entansyon Kongrè a epi presedan jiridik, etabli epi ranfòse aplikasyon pou founi asirans sante ki resevwa asistans finansye federal. Rekonesans lan jwe yon wòl enpòtan ke emetè asirans sante jwe nan pwovizyon swen sante, règleman pwopoze sa a bay estanda klè sou non-diskriminasyon pou sektè a.

Li aliye egzijans règlemantasyon kont diskriminasyon sou labaz sèks yon moun avèk desizyon Tribinal Federal la.

Règleman pwopoze a kodifye pwoteksyon kont diskriminasyon sou baz sèks yon moun ki enkli diskriminasyon sou baz oryantasyon seksyèl e idantite seksyèl. Pwoteksyon sa yo konsistan avèk konifmasyon desizyon Tribinal Siprèm Etazini a nan pwosè Bostock kont Konte Clayton,140 S. Ct. 1731 (2020), epi Avi Rejis Federal suivan Depatman an ke yo ta aplike Seksyon 1557 konsistan avèk desizyon sa a ke diskriminasyon kont sèks yon moun enkli diskriminasyon sou baz oryantasyon seksyèl ak idantite seksyèl. Anplis desa, règleman ki pwopoze a klarifye ke diskriminasyon kont sèks yon moun enkli diskriminasyon sou baz estereyotip seksyèl; karakteristik seksyèl, ki enkli karakteristik entèseksyèl; e gwosès oswa eta ki anrapò ak sa.

Li egzije ke antite ki konsène yo genyen politik ak fòmasyon anplwaye sou Seksyon 1557.

Règleman ki pwopoze a, pou premye fwa a, egzije ke benefisyè asistans finansye federal, pwogram sante e aktivite Depatman an, e Exchange Eta yo pou aplike politik e pwosedi anti-diskriminasyon pou bay anplawye yo direktiv pedagojik klè sou pwovizyon sèvis asistans lang pou Moun ki genyen Konpetans limite nan Lang Angle (LEP), e kominikasyon efikas e modifikasyon rezonab nan politik e pwosedi pou moun avèk andikap. Antite ki konsène yo dwe antrene anplawye enpòtan yo sou politik e pwosedi sa yo. Egzijans sa yo a ede amelyore konfòmite e redwi bezwen pou ranfòsman.

Li egzije ke antite ki konsène yo bay avi sou disponibilite sèvis asistans nan lang, èd oksilyè epi sèvis oksilyè yo.

Règleman pwopoze a egzije ke antite ki konsène yo bay avi sou disponibilite a sèvis asistans lang e èd oksilyè yo e sèvis oksilyè yo ann Anglè e omwen nan 15 lang moun LEP nan Eta a konn pale. Yo dwe tou bay avi sa yo nan fòma altène pou moun avèk andikap ki egzije èd oksilyè e sèvis oksilyè pou asire yon kominikasyon efikas. Antite ki konsène yo ta dwe bay avi sa yo sou yon baz anyèl, sou demann, afiche yo kote ki fizikman enpòtan, e nan yon kote ki fasil pou wè sou sit entènèt yo. Règleman ki pwopoze a pèmèt tou pou moun chwazi pou enprime nan resi a yon avi endividyalize sou yon baz anyèl.

Li avèti antite ki konsène yo konsènan aplikasyon egzijans non-diskriminasyon nan kad izaj algoritm klinik yo.

Règleman ki pwopoze a deklare ke yon antite ki konsène pa dwe diskrimine kont nenpòt moun sou baz ras, koulè, orijin nasyonal, sèks, laj, oswa andikap nan zafè izaj algoritm klinik pou pran desizyon li a. Pwovizyon sa a pa genyen entansyon pou anpeche itilizasyon algoritm klinik, men pou anpeche diskriminasyon paske yo depann twòp resaman sou algoritm la, sa ki ogmante lè yo itilize algoritm klinik la pou pran desizyon swen sante.

Li bay yon pwosesis klè pou ogmante objeksyon pou rezon relijye ak objektè konsyans.

Règleman pwopoze a bay yon pwosesis klè pa ki moun yo ki resevwa asistans finansye federal soti nan Depatman an kapab avize OCR sou kwayans li ke aplikasyon yon pwovizyon espesifik oswa plizyè pwovizyon espesifik Seksyon 1557 ta vyole dwa federal li yo sou konsyans oswa lwa sou libète egzèsis relijyon. Pou premye fwa, OCR klarifye ke lè li resevwa yon plent kont yon moun ki resevwa, li a kenbe nenpòt ankèt oswa lòt aksyon ranfòsman ann absans jiskake yo fè yon detèminasyon kòmkwa wi oswa non yon moun ki resevwa egzansyon de konfòmite avèk, oswa genyen yon dwa pou yon modifikasyon aplikasyon an, yon pwovizyon règleman an. An plis, règleman an bay ke OCR kapab fè yon detèminasyon ki konsidere si wi ou non yon moun ki resevwa ta dwe resevwa yon egzanpsyon oswa modifikasyon soti nan pwovizyon yo règleman an apre li resevwa avi, si pa gen yon ankèt oswa aksyon pou mizanplas, si genyen yon baz faktyèl pou fè sa.

Li klarifye ke egzijans non-diskriminasyon yo aplikab nan pwogram sante ak aktivite yo ke yo bay pa sèvis telesante.

Règleman pwopoze a espesyalman adrese non-diskriminasyon nan pwovizyon an pwogram sante yo e pa sèvis telesante. Telesante se yon metòd antite ki konsène yo itilize pou bay pwogram sante e aktivite yo. Pwovizyon sa a klarifye ke antite ki konsène yo genyen yon devwa afimatif pou pa fè diskriminasyon nan livrezon sèvis sa yo pa mwayen telesante. Devwa sa a enkli garanti an ke sèvis sa yo aksesib pou moun ki gen andikap e ke yo bay moun LEP bonjan aksè nan pwogram. Sèvis sa yo ta enkli kominikasyon sou disponibilite sèvis telesante, pwosesis la pou pran randevou telesante (ki enkli pwosesis pou jwenn aksè nan apèl telesante sou demann), e randevou telesante a li menm.

Li entèprete Pati B nan Medicare kòm yon asistans finansye federal.

Règleman ki pwopoze a anonse ke pozisyon Depatman an kòmkwa Pati B nan Medicare se asistans finansye federal pou pwoteksyon ke lejislasyon sou dwa sivik federal Depatman an mete anplas. Sa yo enkli Tit VI Lwa 1964 sou Dwa Sivik, Seksyon 504 Lwa 1973 sou Reyabilitasyon, Tit IX Amannman Edikasyon yo ane 1972, Lwa 1975 kont Diskriminasyon ki baze sou Laj epi

Seksyon 1557 LSA a. Lajan yo Pati B nan Medicare rankontre definisyon an asistans finansye federal sou lwa a, kòm yo te bay bay nan règlemantasyon egzekite yo pou chak lwa prevansyon. Depatman an kwè ke jistifikasyon presedan ke yo te bay pou esklizyon Pati B nan Medicare pa se pa pi bon fason pou entèprete lwa yo sou dwa sivik etandone objekif ak jan pwogram Pati B Medicare la fonksyone.

Li retabli pwoteksyon sou baz idantite seksyèl e oryantason seksyèl nan règlemantasyon Sant Sèvis Medicare ak Medicaid yo.

Règleman 2020 an te amande dis (10) pwovizyon nan règlemantasyon Sant pou Sèvis Medicare e Medicaid (CMS) yo, kote yo tout konsènen omwen kèk antite ki dwe plwaye devan Seksyon 1557, pou efase lang ki entèdi diskriminasyon sou labaz oryantason seksyèl ak idantite seksyèl. Pwovizyon sa yo t ap enkli règlemantasyon ki règlemante Medicaid ak Pwogram Asirans Sante pou Timoun (CHIP); Pwogram Tout Swen Enklizif pou Granmoun (PACE); emetè asirans sante ake ofisyèl yo, anplawye yo, ajan yo epi reprezantan yo, Eta yo ak Marketplace yo pou akonpli egzijans Echanj la; ajan yo, koutye yo, oswa koutye entènèt yo ki ede avèk oswa fasilite enskripsyon moun kalifye, anplawyè kalifye oswa anplawye kalifye; founisè (emetè) ki bay benefis sante esansyèl (EHB); e founisè (emetè) plan sante kalifye (QHP). CMS lan pwopoze pou amande règlemantasyon sa yo nan règleman pwopoze Seksyon 1557 la yon fason pou yo ankò idantifye e rekonèt diskriminasyon sou baz oryantasyon seksyèl ak idantite seksyèl, kòm fòm diskriminasyon entèdi ki baze sou sèks yon moun. Anplis desa, CMS lan pwopoze pou amande pwòp règlemantasyon li yo ki mete anplas pwoteksyon sa yo nan CHIP pou aplike tou nan pwogram Medicaid yo ki frè-pou-sèvis (ou paye pou sèvis ou bezwen sèlman) epi pwogram swen jere yo. Pwopozisyon sa yo konsistan avèk sa yo ki yon lòt kote nan règleman ki pwopoze sa a e ta ankouraje konsistans atravè tout pwogram HHS yo, nan entèdi diskriminasyon ki baze sou oryantasyon seksyèl oswa idantite seksyèl.

Kòmantè Piblik

Avi sou Règleman Pwopoze a chèche kòmantè sou yon varyete pwoblèm pou pi bon konprann eksperyans yo moun yo avèk diskriminasyon nan swen sante e eksperyans yo antite kouvri yo nan konfòmite a avèk lwa yo sou dwa sivilk federal. Peryòd kòmantè a a louvri pandan 60 jou konsa ke mamn yo piblik la kapab bay kòmantè sou règleman ki pwopoze. OCR la a konsidere kòmantè sa yo pandan ke li trase yon règleman final pou aplike Seksyon 1557.

Departman an a tou konvoke yon reyinyon konsiltasyon tribal nan dat 31 Out 2022 soti nan 2:00 p.m. a 4:00 p.m. Lè sou Kòt Lès Etazini. Pou patisipe, ou dwe enskri davans nan https://www.zoomgov.com/meeting/register/vJIsfu-rqzksEl2T8gUp_lDrWBqkU0223CY. Tèks la règlemantasyon an ann Anglè disponib nan https://www.regulations.gov/.  Rezime tradwi règ ak règleman an ap disponib byento nan www.hhs.gov/ocr. Si ou bezwen règleman an oswa rezime a nan yon fòma altène, tanpri rele (800) 368-1019 oswa (800) 537-7697 (ATMS) pou asistans oswa tanpri voye yon imèl bay [email protected].

Ou kapab soumèt kòmantè, idantifye pa RIN 0945-AA17, elektwonikman nan https://www.regulations.gov, oswa nan kourye lapòs oswa atravè livrezon alamen oswa pa mesaje nan adrès swivan an sèlman U.S. Department of Health and Human Services, Office for Civil Rights, Attention: 1557 NPRM (RIN 0945-AA17), Hubert H. Humphrey Building, Room 509F, 200 Independence Avenue SW., Washington, DC 20201.

Pou jwenn plis enfòmasyon, tanpri vizite sit entènèt la OCR la nan www.hhs.gov/ocr.

Content created by Office for Civil Rights (OCR)
Content last reviewed